Pou w jwe Djanjouko wap moute sou entènèt ale sou kont google play telechaje aplikasyon Mèt Fèy Vèt. Lè w ekri Mèt Fèy Vèt wap jwenn 2 senbòl: yonn kap ekri Djandouko kat kredi, lòt la ap rele Djandjouko lokal. Si wap peye ak kat kredi chwazi Djandjouko Kat Kredi. Si wap peye ak LajanCash oubyen lòt enstitisyon lokal yo chwazi Djandjouko Lokal. Lè w fini telechaje Djandjouko jwèt la ouvri. Wap wè 4 bouton Jwe-Nouvote-Opsyon-Detay. Si w vle jwe an anglè ale nan bouton Opsyon an epi chwazi lang kreyòl oubyen anglè.
Lè w fini chwazi lang. Touche bouton jwe a. Wap jwenn yon kesyon ki se kle pou ouvri Djandjouko. Fòk ou reponn kesyon sa a anvan ou kapab ouvri jwèt la nèt. Lè w fini reponn kesyon an wap wè yon mesaj ki di w rantre pin ou.
Kounye a klike sou mesaj sa a lap voye w sou sit Mèt Fèy Vèt la. Ranpli fòmilè a nèt. Mete vrè enfòmasyon pou lè w genyen prim yo pou nou kontakte w e pou nou konnen se vrè moun nan. Se nan fomilè sa a wap rantre PIN ou te achte a. Voye enfòmasyon an ale.
Fèmen sit la epi tounnen nan aplikasyon an.
Rantre modpas ou te chwazi pou fòmilè a nan aplikasyon an.
Kounya ou pral jwe premye modil la kise "Goute" a. Pou modil sa a ou pap gen kara.Se jis pou ou aprann konn sistèm nan.
Apre modil sa a, komanse jwe pou w make pwen. Djandjouko genyen 20 modil. Premye gwoup modi l la se mete chak komin yo nan plas yo. Dezyèm etap la mete chak seksyon nan plas yo.
Chak modil ou fini pase wap jwenn yon lyen kap pèmèt ou gade yon pwodui Ayisyen anliy.
Pou chak modil komin ak seksyon ou fini wap genyen yon kara, men pou modil seksyon Lwès ak Nò konte pou 3 kara.
Genyen prim pou 10 premye moun ki rive make 6 kara 12 kara 18 kara ak 24 kara. Prim pou 6, 12, 18 kara se entènèt, tablet Sûrtab, 2 nuit otèl nan Decameron, 2 nuit otèl nan Rollanda Otèl Jakmèl, deux 1/2 bous nan ESIH, Minit telefòn.
Gwo Lo a, 10 premye moun ki rive nan 24 kara a, ap genyen yon vizit anlè sou Haiti nan elikoptè.
Kado yo ap disponib pou pi ta 30 jyen 2017. Men ou kapab toujou kontinye jwe Djandjouko apre dat sa.